Skip to main content

Inter-Actualités: 1 avril 2000 (2) Inter-Actualités: April 1, 2000 (2)

View
@ Duke University

Dominique, Jean L. (Jean Leopold) Raphaël, Serge Orius, Fritzson Leblanc, Camille Chéry, Jean Roland Volcy, Assad Alexis, Jacques Édouard Joseph, Fred Prophète, Georgemain

Description

Jean Dominique ak Michèle Montas prezante aktyalite entènasyonal ak domestik. O nivo domestik, KEP di fòk eleksyon yo fèt pandan òganizasyon sosyete sivil ap denonse iregilarite elektoral; Minis Finans Fred Joseph di ministè li a bay finansman pou eleksyon yo fèt. Minis Lajistis la kreye yon tribinal spesyal pou pwoblèm banditis ak vyolans (pa egzanp, moun yo te lenche Sen Lwi di Sid ak asasina manm OPL Ferdinand Dorvil); Fritzson Orius fè yon repòtaj soti Ti Gwav kote CIMO lage nan lari pou kenbe lòd piblik. Ap gen tès ADN pou yon tibebe ki te abandone nan lopital SODEC. Jean Roland Chéry fè yon repòtaj sou konfli teryen nan Katye Moren ant peyizan yo ak grandon Georgemain Prophète. Minis Travo Piblik Serge Raphaël pale kòm envite, sou pwojè drenaj nan Pòtoprens. O nivo entènasyonal, prezidan Pewou Alberto Fujimori chèche yon twazyèm manda epi li denonse peyi etranje k ap mele nan zafè Pewou. Al Gore chèche favè nan popilasyon kiben Miyami an nan dosye Elián González; Lend ak Pakistan toujou nan konfli sou Kashmir; relasyon ant Inyon Ewopeyen an ak peyi afriken ap evolye; konfli Izrayelyen-Palestinyen an ap kontinye nan sid peyi Liban; timoun ki te kidnape pandan lagè sal nan peyi Ajantin ap jwenn vrè idantite yo. Aprè Inter-Actualités kotidyèn yo te fin anrejistre, staf Radyo Ayiti yo te kenbe yo pandan yon semenn, aprè sa yo efase yo. Men Inter-Actualités sa yo te anrejistre nan semenn anvan asasina Jean Dominique.Jean Dominique and Michèle Montas present international and domestic...
Type:
Sound
Format:
News
Rights:
https://creativecommons.org/licenses/by-nc-sa/4.0/This recording may contain material that was not originally created by Radio Haiti and therefore not covered by the Creative Commons license indicated here. For more information see https://repository.duke.edu/dc/radiohaiti/about#copyright.
View Original At:

Record Contributed By

Duke University

Record Harvested From

North Carolina Digital Heritage Center